Filtrar por género

ban m di w

ban m di w

STZL

Ban m di w, pòdkas STZL la sou sa n ap viv nan sosyete a, nan entimite nou. Chak 2 fwa nan mwa a, branche pou w tande opinyon w pa janm tande, sou sijè ki gen rapò ak fanm ak tifi, relasyon gason ak fanm, mantalite nan kilti nou ki se obstak ak byennèt nou, men pa sa sèlman. Abòne w depi kounya a pou w pa janm rate yon epizòd.

8 - Ep.6 | Aba Womans Familyal
0:00 / 0:00
1x
  • 8 - Ep.6 | Aba Womans Familyal

    An nou fon w gade nan epizòd sa a, kòman menm anndan lakay yo, fanm ak tifi pa janm an sekirite an Ayiti, paske nou leve yo pou fè silans sou abi ak eksplwatasyon.


    Mon, 27 Mar 2023 - 36min
  • 7 - Ep. 5 | Se cheve w manmi

    An nou gade nan epizòd sa a, èske se vre te gen yon lè cheve natirèl te alamòd ? Si wi, sa k fè l pa almòd ankò ? Si non, ki danje ki genyen pou fanm ak tifi, lè nou kite sosyete a deside nan plas nou, men ki sa ki akseptab, atiran osinon ki  bèl nan je l sitou bagay ki lakay nou, nou pa ka chanje.

    Mon, 13 Mar 2023 - 35min
  • 6 - Ep. 4 | Men Dyaspopo

    Nan epizòd sa a, n ap chèche konprann relasyon gason ki nan dyaspora a ak jèn fanm k ap viv an Ayiti. Sou kisa relasyon sa yo souvan chita? Èske gen danje lè yon dyaspora rantre nan peyi a, jis pou vin pwofite de tifi ak jèn fanm ki anpil fwa pa konprann jwèt y ap jwe a?

    Wed, 01 Mar 2023 - 36min
  • 5 - Ep.3 | Men grimèl

    Epizòd sa a chita sou preferans nou nan sosyete ayisyèn lan pou moun po klè. Ladann, n ap fouye pou n konprann poukisa moun ki plis benefisye de sa toujou santi yo atake pèsonèlman, lè sijè sa a pran lari. Ki enpak preferans nou pou grimèl kontinye genyen sou jan nou youn wè epi trete lòt an Ayiti?

    Mon, 28 Mar 2022 - 29min
  • 4 - Ep. 2 | Bay epi pran

    An nou gade, nan epizòd sa a, kòman fanm ka aprann kouri dèyè yon lanmou kote y ap bay men y ap pran tou, nan yon sosyete kote tèlman pa gen ekzanp sa a ant fanm ak gason.

    Mon, 14 Mar 2022 - 28min
Mostrar más episodios